Event Details

Golden Traffic Upcoming

  • Sat, 08th Aug 2026, 04:00 PM
  • Ibiza

Description

Golden Traffic se youn nan pi gwo rasanbleman nightlife ane a, yon eksperyans ki melanje mizik, enèji, limyè, ak vibe modèn nan kè Petyonvil. Pou dat 8 Aout 2026, IBIZA Club ap tounen sant mouvman an ak yon lineup ki chaje ak DJ ak atis ki pi cho nan moman an.

Evènman an fèt pou moun ki renmen bon mizik, bon anbyans, ak bon moman. Se yon nwit kote tout bagay fèt pou fè w viv yon eksperyans VIP, ak son pwofesyonèl, animasyon, ak yon atmosfè ki pa konpare.

Lineup ofisyèl la gen ladan : Xorxor • Fip Prezidan • 47 Zwing • F Quake DJ Vibe x Freemix • DJ Snake x Reflex DJ BleXX • Dragsound • DJ Clerger DJ Saïm • DJ Berley

Pri Tikè: 1500 Gdes (Avans) Lokal: IBIZA Club, Pétion‑Ville Lè: 4PM Tikè disponib sou Pamevent.com

Evènman an òganize pa Golden Motion Entertainment, an kolaborasyon ak EasyPromoMusic

Performer

Location

Ibiza

42 rue Rebecca petionville Pétionville HT6140 Ouest Haiti

Show Map

Refund Policy

All tickets are nonrefundable. The Pamevent fee is nonrefundable.

FAQ about Golden Traffic

1. Ki dat evènman an ap fèt?

Evènman an ap fèt 8 Aout 2026, apati 4PM, nan IBIZA Club, Pétion‑Ville. Pou plis detay sou dat ak orè,

 

2. Ki kote pou m achte tikè yo?

Tikè yo disponib eksklizivman sou Pamevent.com. Apre acha a, ou resevwa QR Code ou imedyatman. Si w bezwen asistans, oswa kontakte : (+509)3493-99-23 / 4799-24-69

 

3. Konbyen tikè yo koute?

Pri tikè avans lan se 1500 Gdes. Gen lòt kategori ka ajoute selon demann. e gen VIP Section Sou Demann

4. Èske tikè yo ranbousab?

Non. Tout tikè yo pa ranbousab. Sa se règleman ofisyèl Pamevent ak òganizatè yo.

5. Kijan m ap antre nan evènman an?

Ou dwe montre QR Code ou (sou telefòn oswa an papye). Ekip sekirite a ap eskane l pou valide antre w. oswa siw achte tike a fizik wap montre brasle a 

6. Ki moun ki nan lineup la?

Lineup la gen ladan: Xorxor • Fip Prezidan • 47 Zwing • F Quake DJ Vibe x Freemix • DJ Snake x Reflex DJ BleXX • Dragsound • DJ Clerger DJ Saïm • DJ Berley 

7. Èske gen VIP?

Wi. Gen TikTok Zone ak lòt espas VIP selon kategori tikè yo. 

8. Èske gen bwason enkli?

Wi. Gen bwason enkli pou TikTokers VIP ak kèk kategori VIP.

9. Èske m ka achte tikè nan pòt la?

wi. Men nou rekòmande achte sou Pamevent pou garanti antre w pi rapid

10. Èske gen sekirite?

Wi. IBIZA ak òganizatè yo mete yon ekip sekirite konplè pou asire yon nwit san pwoblèm akonpaye de PNH kom sipo

11. Èske mwen ka vini ak kamera pwofesyonèl?

Kamera pwofesyonèl mande otorizasyon. Telefòn ak kontni TikTok yo lib.

12. Ki moun pou m kontakte si m gen kesyon?

WhatsApp : 4799‑2469 Instagram : @easypromomusic @goldenmotionent Patnè : Golden Motion Entertainment x EasyPromoMusic


Related Events