Event Details
Aug
08

Afrofest Kreyòl Upcoming

  • Sat, 08th Aug 2026
  • 09:00 AM
  • Centre Culturel Brésil-Haïti

Description

Afrofest Kreyòl se pi gwo selebrasyon cheve tekstire yo , ou ankò cheve afro  (boukle, krepi, frize, lokse) an Ayiti, ki rasanble pasyone cheve natirèl, bote, kilti ak idantite kreyòl nan yon menm espas pou kreye yon eksperyans inoubliyab.

Li mete an valè richès cheve natirèl atravè demonstrasyon, atalye sou cheve natirèl, salon mobil, pataj eksperyans, ekspozisyon mak ak aktivite ki enspire fyète ak konfyans.

Evènman an pèmèt piblik la dekouvri divès estil, teknik ak inovasyon ki egziste nan inivè cheve natirèl la, pandan l ap selebre bote ayisyèn sou tout fòm li.

Afrofest Kreyòl ofri tou yon platfòm vizibilite pou antreprenè, pwofesyonèl bote, atizan ak kreyatè k ap kontribye nan devlopman endistri a , prezante kreyativite ak ekspètiz yo devan yon kominote ki pataje menm fyète a.

Atravè eksperyans entèaktif, espas foto, atelye, konferans, ekspozisyon , animasyon kiltirèl ak rankont enspiran, festival la kreye yon atmosfè kote bote natirèl rankontre fyète kiltirèl.

Plis pase yon festival, Afrofest Kreyòl se kote cheve natirèl tounen yon deklarasyon fyète.

Pran tikè w depi kounya pou pa rate moman sa k'ap ret grave nan memwa a.

Location

Pétionville , Ouest , Haiti

168 angles des rues Darguin et Goulard Place Boyer Pétionville Ouest Haiti

Show Map

Refund Policy

All tickets are nonrefundable. The Pamevent fee is nonrefundable.

FAQ about Afrofest Kreyòl

Misyon nou

Selebre cheve natirèl kòm yon senbòl bote ak idantite. Valorize eritaj ayisyen ak afrokaribeyen an.

Mete talan ak biznis lokal yo an limyè.

Kreye yon mouvman ki enspire jenerasyon k ap vini yo pou yo pote cheve yo ak fyète san pè opinyon sosyete a.

Vizyon Afrofest Kreyòl:
Nou swete vin yon referans ki enspire kominote a pou li aksepte, pran swen epi fyè de cheve natirèl li, epi kontinye sèvi ak festival la kòm yon platfòm pou ranfòse richès kiltirèl nou.

Objektif Afrofest Kreyòl

1. Edikasyon ak Sansibilizasyon : Òganize atelye ak konferans pou sansibilize sou swen cheve afro, ankouraje bon sante cheve, epi kase tout mit ak prejije ki sou cheve afro.


2. Ranfòsman Idantite ak Fyète : Kreye yon espas kote chak moun ka eksprime tèt yo ak fyète, epi mete aksan sou enpòtans aksepte tèt ou jan ou ye a, san w pa wont.


3. Kominote ak Rezotaj : Bati yon anviwònman kote moun ka rankontre, pataje eksperyans yo, epi etabli bon koneksyon.


4. Enspirasyon ak Fòmasyon : Bay patisipan yo zouti pou ede yo amelyore chemen yo sou plan cheve ak sou plan pèsonèl, ankouraje yo gen plis konfyans nan tèt yo ak nan bote natirèl yo.


Related Events